[Tele JW - Septanm 2016]
Lè m reflechi, lè m byen gade
Chak moun konnen kote l vle ye.
M konn sa k mal, m konn sa k bon,
Wi m konn kot plas pa m ye toutbon.
Sa fè m kontan pou mwen konnen
Kote pou m ye, pou m santi m byen,
Pou m jwenn zanmi, wi bon zanmi
K ap fòtifye m pou m pa febli.
Wi m wè nan fon kè m
Se yon lit sa ye.
Jewova, se ou
K ap pote m sekou
K ap fè m wè kot plas mwen ye.
Wi mwen sèten, mwen f'on bon chwa
Mwen pap kite kote m ye a.
Mwen li Labib. Mwen pratike l.
Kè mwen pouse m pou m anseye l.
Kouny'a m konnen kote m dwe ye
Ak zanmi m yo ki renmen m vre.
Ak yo m vle ye, yo s'on fanmi,
Jewova ban m yo pou lavi
Wi m wè nan fon kè m
Se yon lit sa ye.
Jewova, se ou
K ap pote m sekou
K ap fè m wè kot plas mwen ye.
Related Song Lyrics:
N ap di ou mèsi by JW Kreyòl
Pa kouri konsa by JW Kreyòl
Akeyi moun se yon bon abitid by JW Kreyòl
Annou youn padone lòt by JW Kreyòl
Franchi etap la (janbe al Masedwàn) by JW Kreyòl
Anglè, Fransè, Espayòl, Pòtigè. Anpil egzanp fraz. Sinonim. Omonim. Ekpresyon popilè.
Gade bèl ti liv Sa mwen kapab fè ak men m nan nan plizyè lang...
Plis ke 25 000 antre nan bazdone a. Mizajou detanzantan!
Lanmou, zanmitay, menaj, bèl ti pawòl, Jewova, Labib, SMS damou, SMS emoji