[Tele JW - Oktòb 2016]
Mwen konnen'w te g'on bon entansyon,
Ou konn fè bèl jès, anpil bèl aksyon,
Men, gen pawòl ou di, se kout ponya!
Yo fè m kriye, m santi m faya,
Sa pa t sipoze konsa.
Anvan solèy la fin kouche
Annou fè efò pou nou pale.
N ap bliye tout sa k te di,
Youn padone lòt.
Se sè nou ye, sè n ap rete.
Li pa fasil pou n byen viv youn ak lòt,
Gen pawòl moun di w ki tank'on kalòt,
Men w jwenn yon rezon pou w padone!
Lè sa' ou vin konprann aklè,
Pito w chèche fè lapè.
Anvan solèy la fin kouche
Annou fè efò pou nou pale.
N ap bliye tout sa k te di,
Youn padone lòt.
Se frè nou ye, frè n ap rete.
Nou ini, nou anpè.
Nou pap kite anyen fè nou viv dozado.
Annou pwomèt n ap padone nèt,
Vrè zanmi pase souu defo.
Anvan solèy la fin kouche
Annou fè efò pou nou pale.
N ap bliye tout sa k te di,
Youn padone lòt.
Kè nou pouse n,
Se sa k ede n.
Ou.. Ou....
Grasa lanmou
Annou youn padone lòt.
Related Song Lyrics:
N ap di ou mèsi by JW Kreyòl
Pa kouri konsa by JW Kreyòl
Akeyi moun se yon bon abitid by JW Kreyòl
Se la a plas mwen ye by JW Kreyòl
Franchi etap la (janbe al Masedwàn) by JW Kreyòl
Anglè, Fransè, Espayòl, Pòtigè. Anpil egzanp fraz. Sinonim. Omonim. Ekpresyon popilè.
Gade bèl ti liv Sa mwen kapab fè ak men m nan nan plizyè lang...
Plis ke 25 000 antre nan bazdone a. Mizajou detanzantan!
Lanmou, zanmitay, menaj, bèl ti pawòl, Jewova, Labib, SMS damou, SMS emoji