A B C D E F G H I J K L M N O P Q R S T U V W X Y Z #
Search:
Alan Cavé - Se pa pou dat
Il semble qu'il y a un auditeur sur la ligne qui veut faire passer un message. Alo?
— Wi, m vle f'on ti pale a menaj mwen, eh, paske m gen ti pwoblèm: Alo Cheri mizik sa a m vle dedye l a ou menm, eh, paske w konnen... ou di m w ap ban m kè w a mwatye. Men cheri pase m pa gen tout kè w m pi pito m pa avè w. Pito w ale. Pito w ale.

Pa twò lontan de sa ou t ap di mwen
Jan w rinmin mwen.
Jan w rinmin mwen.
Jodi a w ap vin ban m 'on lòt istwa
Kòm ke w vle di m konsa fò n ralanti sou sa
Santiman ou mele
Ou poko konn sa w vle
Ou poko deside w
Lè w pare w a di mwen tande
Paske se tout mwen vle
M pa vle anyen a mwatye

(Refren)
Je t'aimerai toujours même dans ton absence
Je t'aimerai toujours même dans la soufrance
Vas-y prend ton temps
T'inquiète pas je t'attends
M prefere pèdi ou
Ke m gen moso nan ou

Pa twò lontan de sa ou te fè m kwè
M avè w n tap jwenn bonè
M avè w n tap jwenn bonè
Jodi a w leve ou vole gagè
Reyalite sa an mwen
S'on kout epe nan kè

M ap kenbe pou mwen pa lage
Anndan m ap dechire
Mwen santi m boulvèse
Lè w pare w a di mwen tande
Paske se tout mwen vle
M pa vle anyen a mwatye

(Refren)
Je t'aimerai toujours même dans ton absence
Je t'aimerai toujours même dans la soufrance
Vas-y prend ton temps
T'inquiète pas je t'attends
M prefere pèdi ou
Ke m gen moso nan ou

Mwen vle, mwen vle
Ke w jwenn lajwa menm si m pa la
M vle pou w pa konn sa k move tan ak move moman
Même si, même si le bonheur ne te sourit pas
Reviens, reviens vers moi
je serai près à t'ouvrir mes bras

Menm si m santi kè m ap rache
Cheri m pa ka fòse w rete
Si w jwenn kote dlo a pi fre
Pito w ale
Menm si m konnen mwen pral kriye
Cheri m pa ka fòse w rete
Si w jwenn kote dlo a pi fre
Pito w ale

Oh yeah pito w ale (pito w ale)
Oh non m pap ka kenbe (pito w ale)
Pito w ale (pito w ale)
M pap ka kenbe, pito w ale (pito w ale)

Pito w ale, m pap ka kenbe (pito w ale)
M vle w tout antye, m pap ka pran w a mwatye
(Pito w ale)
Pito w ale, Pito w ale, tande?
M bouke mande m si w se pa ou toutbonvre
(Pito w ale)
Pito w ale, Pito w ale, tande?
Ou fè m boulvèse, m pap ka kenbe
(Pito w ale)
Mwen pap jan vle, m pap janm vle w a mwatye
(Pito w ale)...

This Lyrics has been viewed 31611 times

Related Song Lyrics:
Yèreswa (Remix) by Alan Cavé
Avè w by Daan Junior
Graduation by K-Dans
Ayiti bang bang by Carimi
Je suis innocent by T-Vice

Share/Bookmark
Loading...

🔥 Creole101 Trending Music Charts Updated:

🇺🇸 Billboard Hot 100 (Top 10) Billboard
    🇭🇹 Haiti (Top 10)
      🌍 Top by Continent

                🌐 More Charts (Top 10)
                ...

                Translation and definition

                English, French, Spanish and Portuguese. Lots of sentence examples. Synonyms. Antonyms. Popular expressions.

                ...

                Reina's Book Series for Children

                Check our book What I can do with my hands in multiple languages...
                Over 25,000 entries in the database. Updated every week!