Li fè bak pou l ka fè yon pi gwo kont atak.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa janm pale yon lougawou /lougawou mal devan pèsonn. "Fè atansyon ak sa w'ap di a! Moun sa a ka yon lougawou li menm tou."
var: Se soulye ki konn kot chosèt gen twou.
N ap kwè li lè nou wè li, wè se kwè.
Vrè merit pa bezwen lwanj pou granmesi. Vrè merit pa janm bezwen vante tèt li. Bon diven pa bezwen piblisite.
Li pa fasil pou sonje moun ou pa enterese avè l ou plis make moun ou konnen w ap gen bezwen oubyen pou avili.
Yon moun ki fè yon timoun epi li pa vle mache sou menm wout ak paran l yo epi li deside pran chemen pa l.
Maladi a vin sou ou/nou sou chwal; li kite ou/nou sou do bourik .
Pi bèl demen an pa bay jou anvan an tounen. Pi bèl maten an pa pral pote lavèy tounen .
Moun pa janm ka di.
Bilten vòt se papye, bayonèt se fè. Fòs fè dwa.
Lè yon moun pran desizyon l pou l fè afè l lè l ap fè l l ap pran pretèks.
Jere pwòp kay ou se yon bagay, jere kay yon lòt moun se yon lòt bagay. Li pi fasil pou jere pwòp zafè pa ou pase zafè lòt moun.
Pa mare bouch bèf la pandan l ap rale kabwa a. Ou p ap reyisi fè sa.