Jan ou te rankontre ak yon moun konsa ka pèdi amitye a tou.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
ent: Granmoun bay bon konsèy. <br>par: Konsèy granmoun se longan.
Lè krapo a ap kwaze, se pa paske vant li plen, se jis pou fatige zòrèy ou.
Lè w konmanse nan travay ou jwenn mezi avantaj ou ka Jwenn osinon difikilte ou ka jwenn.
Rad kache anpil peche, men lè van an soufle, li mete anpil janm mèg an evidans.
Se foli moun fèb k'ap ri moun fò a.
Se kolòn sòlda yo ki vrèman goumen. "Se sèlman moun ki rete ansanm ki pral genyen."
Se "kerchoo!" [bri etènye] ak "Benediksyon pou ou!" Pa janm youn san lòt.
Dominiken yo ap distribye kat yo...
Yon moun ki montre l gwo nèg sèlman lè l nan katye lakay li osinon lè l nan bann li.
Yon po fann dire lontan.
Chen ou fè byen avè l/ou pran swen l lan, lè l fache, se ou li mòde.
Zwazo ki chante anpil la pa gra.
Yon chapo twa kwen [MJK: trikòn] pi bon pase yon chapo won.