Chat di: “Frekan kou frekan, ou pa ka frekan pase m”
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Se paske li twò awogan kifè koulèv la oblije trennen kò l sou vant li.
Pòv yo pi ensolan pase rich yo.
Lè yon moun ap fè frekan li ka fè w kèk bagay ki mal osinon li pansew pap janm anyen se lè sa w di pawòl sa.
Yon moun k ap kale frekan epi lòt moun kwè sa pa kapab anpechel gen pwoblèm.
Yon moun k ap fè frekan ak yon lòt ki siperyè l sa ka fè l soufri ak yon aksyon oubyen yon bagay kèlkònk.