Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Byen pre pa di ou rive pou sa

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #671 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Pou byen bo

fòk dan ou fèmen ~ Pou w ka byen fete sou yon moun fòk ou pa vin move jan pa montre kòlèw ak move jan ou genyen.

Mwen byen sangle, m pap foule

Mwen byen mare/sipòte; mwen p ap blese. "Mwen byen antoure ak zanmi ki gen enfliyans, mwen p ap gen anyen pou m fè."

Twò byen nui kò

Yon moun ki santil twò alèz l ap fè bagay pou l met tèt li nan pwoblèm.

Se toujou fèt pou sa ki fè byen

Yon moun ki fè byen toujou santi l byen.

Byen jwenn, byen kontre

Lè de moun ki entèlijan rankontre.

Si ou viv byen, ou a mouri byen

Ou rekòlte jan ou simen.

Sa ki byen, rete kon sa

Kite byen ase pou kont li.

Fò w byen ak kouto anvan zabriko mi

Chèche byen ak moun avan ou bezwen sèvis li se pa lè w bezwen sèvis li ou bezwen byen avè l.