Ou ranmase tout enfomasyon ki posib avan ou pran desizyon e avan ou pran yon chemen ou pa konprann.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
exe: Tout vakabon ranse ak Nènè. Kanta pou Sovè, se nèg ki kondi bak li byen; pesonn pa p pran chans jwe nan bab li. <br>par: Kochon mawon konn sou ki bwa pou l fwote (kò l).
Sa ta vle di ou planifye pou chak bagay ou ta dwe fè sou wout la vi a pou w pa ta pran echèk.
kay la nan je anvan li di, "Bonjou/Alo!" "Zonbi a konnen ki kote pou l ale."
Fè zanmi ak kouto a anvan fwi ki gen gou abriko a mi. "Paske lè l mi, kouto a ap twò okipe pou sèvi w anyen." oubyen "Fè zanmi ak yon moun pandan l disponib."
Aparans ou bay ka fè moun nan reflechi sou sal dwe fè.
Boutèy la dwe plen nèt anvan yo bouche l. Charite kòmanse lakay.
Ou dwe eseye konnen chemen an anvan ou pran wout la. Si ou pa planifye, ou planifye pou ou echwe.
Ranje kabann ou anvan dòmi antre nan je ou.
Kenbe yon kabrit nwa anvan li fè nwa.
Mezire anvan ou koupe. "Reflechi anvan ou aji."
Yon moun pa janm mouri anvan lè li.
Yon moun ki konnen li pa anfòm li pran tout bagay li vle fè yo avan jou a rive.
Yon moun k ap gade kòman bagay yo ye avan li antre yon kote si bagay yo ap bon oubyen mal.
Lè yon moun jwenn pi gwo avantaj pase moun ki te la avan l lan.
Yon moun kab rantre yon kote nenpòt fason ki gen yon ti jan san konsyans pou l ta aranjel avan l fè sa.
Yon moun ki fè yon bagay avan lèl se posib li ka echwe ladan l.
Fè sa w gen poufè avan sa ta vin pi tris osinon pi mal.
Yon moun avan l bay yon bagay enpòtan fòk ou wè l anvan.
Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.
Avan chak desizyon w ap pran fòk ou gade kisa k ap vini dèyèl.
Lè w wè yon moun meprize nan lari avan li te gen valè.
Fòw pran swen bagay paw osinon bagay moun paw avan lòt moun.
Avan ou fè yon moun yon bagay ki fè l mal fòk ou panse ki jan moun nan ap reyaji.
Avan ou fè yon bagay fòk ou konnen si l ap bon pou w.
Lè w pran prekosyon avan chak desizyon li pi bon pase ou ta di si w te konnen.