Se piti, mwen piti/ Mwen jis piti/piti; mwen pa pitimi /“ milèt” san gadyen/fanmi pou pwoteje m. “Mwen piti, men mwen pa milèt pou sa.” Menm si mwen se yon ti nèg, atansyon!
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se piti, mwen piti/ Mwen jis piti/piti; mwen pa pitimi /“ milèt” san gadyen/fanmi pou pwoteje m. “Mwen piti, men mwen pa milèt pou sa.” Menm si mwen se yon ti nèg, atansyon!
Yon bagay piti osinon yon moun piti ki ka fè pi gwo bagay pase sa ki pi gran yo.
Kay la piti, tapi dòmi an dwe rantre anba bra a. "Si kay la piti, ranmase kabann ou."
Biznis yon nèg pa janm twò piti. Se janm pantalon l ki piti/sere. Hall 1953 ekri Afè nèg pa piti , se janm kanson ki jis .
Yon moun ki gen ti fizik oubyen ki parèt yon jan piti epi ki ka fè gwo bagay.
Sa vle di yon moun dwe bay menm si li pa gen gwo bagay.
Lè yon moun fè yon bagay tou piti ki tounen yon gwo bagay.
Lè w travay san rete, ou ap evantyèlman jwenn yon bagay menm nan men nèg ki pi ava a.
Gode mwen an ka piti, men se ladan l mwen bwè. Apresye sa ou genyen, menm si se yon ti bagay.
Si ou antre sou pwent pye ou, ou ap tande anpil eskandal.
Yon lènmi pa janm tèlman piti pou yo meprize l. Li ka toujou fè w mal.
Lè w pa gen gran mwayen ou pa nan fè grandizè ou viv selon meziw genyen.
Lè w ap souzestime yon moun lè w kwèl pa anyen lè yo vle fè w kwè li se kichòy yo di w pawòl sa.
ent: Pran san w (nan sa w ap fè.).
Lew piti se pou rete nan wòl piti pou pa pran nan pyèj sa ta vle di pou pa ta kale kow devan moun ki pi gran pasew.
Lè gen traka mizè ak soufrans pa gen fèt pa gen griyen dan.
Se ti pa ti pa yon zwazo k ap fè nich li. Pridans ak detèminasyon.
Se dapre sa moun ki piti a manje a ou ka distenge moun ki gwo manjè a.
Lè kay ou piti, ou ranmase nat ou anba bra ou.
Lefèt ke ou gran pa anpeche ou sonje ke ou te piti yè.
"Se ti bagay yo ki konte."
Pwòp biznis yon moun toujou gen yon enpòtans kapital pou li.
Ti moun yo pa ka siviv lè yo fè fas ak gran moun nan. Ti machann kont chèn alimantè; ti machann kont Wal-Mart.