Pa janm pale yon lougawou /lougawou mal devan pèsonn. "Fè atansyon ak sa w'ap di a! Moun sa a ka yon lougawou li menm tou."
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Bondye bon, men li pa bon tankou yon moso sirèt.
Lè yon moun ap fè enteresan li di w li se kichòy lew gade kote moun nan rete a osnon kote l ap travay pa sanble ak sa li di li posede.
Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .
Ranmase yon 'wòch zèklè' fasil, men se mete l tounen sou/nan tè a ki difisil. "Li fasil pou enplike, men pou soti se pa fasil."
var: Rele chyen papa pou zo
Yon moun ki fè w yon demand ou konnen ki pap bon pouw li pi bon pou ta di l non olye w al gen traka demen.
Sèpan ki pa sonde gòj li p'ap vale krapo.