Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Yon je pa je

Yon sèl je/pitit se pa yon je/pitit ditou. “Pa kontante w ak yon sèl bagay/pitit ou genyen; ou ka pèdi l. Eseye jwenn yon lòt.” Eseye jwenn plis pase yon opinyon.

Fè tan, kitè tan

Pran tan; kite tan. “Ou fò jodi a; ou p ap fò demen.” Egzanp: Sa-k ta di yo ta mete msiè ate jodi -a? Fè tan, kitè tan, vrè . "Ki moun ki ta di parèy sa a ta desann jodi a? Ou isit la jodi a; ou pa konnen sa ki pral demen, vrèman." Sa-k ta di msiè ta mouri jodi -a? Fè tan, kitè tan, vrè ! "Kiyès ki ta di mesye sa a ta mouri jodi a?"