Haitian Creole Proverbs
Creole Proverbs ✨
Over 6,000 Haitian Creole proverbs with explanations and translations in 4 languages. Each visit highlights the most popular sayings along with fresh ones to explore.
Moun fou a devan; moun ki dèyè yo pa konnen. Moun k ap dirije yo ka nan move direksyon, epi moun k ap swiv yo pa konnen sa.
Si bagay twòp pouw li t ap bon si w ta mete l atè pou evite twòp tèt chaje.
Pa eseye depase lòt moun.
Ou pa voye bote nan mache nan yon panyen.
Yon santiman egoyis ki fè konprann chak moun degaje l pou l viv pou kont li. <br>Chak moun ede tèt li. <br />Mwen menm k ap di ou sa. Lè yo bezwen ou, y ap mache dèyè ou tankou chyen. Rive yo fin rive, 'chak koukouy klere pou je l', y ap achte yon gwo bouldòg mete veye kay yo. Moun pa pwoche. <br /><i>varyasyon</i>: Chak koukouy klere pou je l.
Se sèlman rès manje mwen ka sèten se pou mwen. Tout sa mwen ka sèten m ap jwenn se sa pèsonn lòt pa vle.
N ap kwè li lè nou wè li, wè se kwè.
Si li pa pote l, l ap trennen l. Si li pa nan yon pwoblèm, l ap nan yon lòt.
Poutèt pa gen chen, kabrit al lachas avèk ou.
Anvi tout, pèdi tout. Ou vle tout, ou pèdi tout
Prete se pa bay.
Lè w te pouvwa ou pa t kapab fè anyen, se pa lè w pèdi l ou ap di sa k dwe fèt oswa sa w ka fè.
Li pi bon pou ou se yon sòlda pase yon politisyen.
Moun ki pa kapab k ap travay bay moun ki miyò pase yo. <br>Ki kalite peyi sa a, mezanmi! Moun k ap redi touye tèt yo anba travay, se plio k ap jwi. Se mouri abitan ap mouri nan travay, men se nèg lavil k ap banboche sou sa l ap fè. Se sa pawòl la di wi: 'Bourik travay, cheval garyonnen.' ".