Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon moun gen anpil moun k ap pran swen l osinon yon bagay gen anpil moun k ap dirijel li fè l soufri plis.
Pantalon zanmi ou yo p'ap janm kouvri toutouni ou. Pa konte sou zanmi ou yo pou kouvri feblès ou yo.
Zòrèy yo pa pi lou pase tèt la. Se yon bagay ridikil pou pale san reflechi sou moun, pou eseye enfliyanse yo lè w sèvi ak egzanp yo pa ka konprann.
Lè yon moun kwè nan pasyans ki kapab fè l reyalize pwojèl yo.
Vrè lanmou pa konnen danje.
Pèsepsyon kiltirèl ; Fanm mèg pa gen valè.
Gade l byen anvan ou manje l. Atansyon.
Moun k ap mache lannwit lan, se li menm k ap rankontre ak dyab la. "Se ou menm ki responsab pou mete tèt ou nan pwoblèm." Si w ap mande pwoblèm, w ap jwenn pwoblèm.
Li pa sifi pou kouri, ou dwe pati alè.