Yon moun ki pa eklere pa ka kondwi yon moun ki eklere.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè yon jèn fi kòmanse ap balanse kò l, mesye yo kòmanse dèyè l.
Moun ki kapon yo siviv moun ki brav yo.
Lè yon moun fè twòp w ap egzòte l pou l pa ta kontinye fè sa.
Lè yon moun gen yon malè rivel li pa konn kileès ki la koz epi moun ki te fel la vle di se li menm ki te koze sa.
Yon moun ki sot deyò pa kapab vin met mèt kay deyò.
Si ou pa fatige travay, w ap oblije bay manti. "Si ou pa fè efò pou jwenn yon bagay, ou ka vòlè pou genyen l."
Ou ka ri nèg ki kout la paske l ap toujou kout, men nèg ki pa gen kòb la ka rive yon jou.
Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.
Yon move kontra pa janm gen yon mèt/otè. Lè se yon move bagay, pèsonn pa pran responsablite.