Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Pito ou lèd ou la

"Li pi bon pou ou lèd, men w ap viv." or "Li pi bon pou ou lèd men vivan pase pou ou mouri."

Gason se toujou gason

Yon gason se toujou yon gason. Sa vle di gen sèten karakteristik ki natirèl nan tout gason.

Dan ri danje

Dan ri lè gen danje. Dan ri lè gen malè. "Ayisyen an ri menm lè li ta dwe kriye."