Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Twò pale bay bòkye

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #6009 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Pale franse pa voye nan mache

“Pale franse” pa bay/voye yon moun nan mache a. “Sispann pale, al travay.” oubyen “Pale franse pa peye.”

Pale franse pa fè me pè

Pale franse ou a pa fè m pè. Pale byen bèl pa vle di gen bon konprann.

Pale fransè pa vle di lespri pou sa

Pale franse pa di lespri. ent: Se pa paske yon moun konn pale franse pou pran l pou moun lespri.

Gran palè pa gran fèzè

Moun ki pale anpil pa fè anpil bagay. Pale anpil, fè ti kras.

Pale mal pa tach

Lè yon moun y ap di koze sou dow se pa yon bagay dezone li pa few pi ba non plis depi sa yo di a pa verite.

Kochon di "wen", men li pa pale

Mwen santi sa w fè a men se palem pap pale.

Fòk pa meprize moun malere ki vle pale ak ou; chak fwa nan bouch yo ou konnen bon kichòy

Pa meprize pòv yo ki vle pale avè w; chak fwa ou aprann yon bagay ki gen valè nan bouch yo. Sajès ka soti nan kote ou pa t atann.

Bouch pale, je wè

Bouch la di sa je yo wè. Yon moun sèlman rakonte sa li wè bò kote l. Tout bagay baze sou eksperyans pèsonèl.