Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Toutotan danmijann poko plen, boutèy pa ka jwenn

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #5975 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Bourik pa kouri toutotan cheval pa dèyè l

Lè yon moun di li ka fè yon bagay se toutotan li poko jwenn yon moun ki gen plis kapasite pasel.

De kochon byen toutotan yo poko jwenn yon patat

De moun ki zanmi toutan yo poko gen biznis ansanm.

Toutotan danmijann poko plen, boutèy pa ka jwenn

Krapo di ou: tout tan ou wè dlo, pa pè ankò pou li

Krapo a di: toutotan ou wè dlo, pa enkyete w pou li.

Toutan tèt poko koupe espere met chapo

Toutotan yon moun ap viv li poko mouri li gen espwa yon jou sa va mache yon jou byen pou li.

Bourik kouri toutan cheval pa dèyè l

Youn nan ap sifi toutotan pa gen pi bon bò kote w.

Tout tan tèt pa koupe, ou pa di li pap biye chapo

Toutotan yo pa koupe tèt li, ou pa ka di li p ap mete chapo.

Lawouze taye banda toutotan solèy poko leve

Pou esplike gen moun ki pi siperyè pase lòt ki pi kapab ki pi entèlijan.