Li pran tout kalite... Moun entelijan pa t ap genyen l fasil konsa si se pa t pou moun sòt.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Moun pa tout menm. Rekonèt divèsite nan nati imen an
Yon moun pa dwe gade sou moun ni fè sa moun fè chak moun gen yon moun pa l andanl.
Sa yon moun fè, yon lòt moun ka defèt li. Yon maji yon moun fè ka kontrekare pa yon lòt moun. Sa yon politisyen fè, yon lòt moun ka fè l.
Lè yon moun byen abiye sa pa vle di li se yon moun serye pou sa.
Lè yon moun gen yon lòt ki vin kotel li triye tout bagay ki bon pou l yo ba li epi sa ki gen mwens valé li separe yo bay moun kay pa respè.
Yon moun ki ta renmen bay yon bagay epi l pa kapab pou l pa montre sa fèlmal li itilize pawòl sa.
Yon moun ki dekouvri yon twou manti epi l ap defann li devan tout moun se lè sa ou itilize mo sa.
Tout moun gen yon sèl zanno lakay bijouye a. Tout moun gen defo. Pèsonn pa sen. Tout moun gen yon fanmi malere. Ou pa sèl moun ki gen pwoblèm.
Tout moun se moun. Tout moun egal. Tout moun se yon moun. Tout èt imen egal. Nou tout se moun. Nou tout se moun egalman. Yon moun se yon moun.
Kapasite pou pran desizyon se sa ki defini yon moun.
Moun sòt la ap toujou kreye pale anpil—fè bagay san sans moun ap pale de yo.
Ensilte yon moun abiye, pa yon moun toutouni. Atake yon moun ki ka defann tèt li.
Lajan pi engra pase moun. Efè lajan sou lespri ak santiman moun, pa egzanp, moun ki gen anpil lajan. Pa konte sou moun rich yo.
Moun sa yo se David ak Jonatan. “Moun sa yo se zanmi enseparab .”
Pou chak moun pòsyon pa yo.
Yon moun k ap fè dyòle poutan sa yo di yo se pawòl piu fè moun dodo osinon pou moun kwè nan li.
Lè yon moun ede yon mechan, dis po bèf pa ase pou fè yon pè soulye. Li pa janm jwenn ase. Li toujou ap mande plis.
Esperans de moun k ap viv lwen gen pou rankontre menm si wout la long.
Tout moun konnen sa: mechan an egziste! “Nenpòt moun ka viktim yon move lespri.”; [Nòt MJK: li ta dwe li “tout moun konnen sa a: lemal egzis OSWA egziste ", ki vle di "tout moun konnen ke mal egziste"
Si ou te tande ti moun ap pale, ou ta panse yo se jeyan.
Moun ki pa manje poukont yo/egoyisman pa janm grangou. "Moun ki pataje ak lòt moun toujou gen yon bagay pou yo manje."
Moun ki fè moun ki malere favè se Jewova li prete, E Bondye ap rekonpanse l pou sa l fè a. Pwovèb 19:17 Tradiksyon Monn Nouvo
Gen twa kalite moun nan mache samdi a: moun k ap vann, moun k ap achte, ak moun k ap vòlè. Diferan moun vin nan mache a pou diferan rezon.
Lè yon moun ap bay yon moun yon bagay li itilize pawòl sa ak lè yon moun chich w ap egzòtel.
Pa mache ap fè sa lòt moun ap fè sèlman.
Yon moun ki fome yon moun moun nan pa ta dwe mete nan tèt li pi entelijan pase moun ki fòmel la.
Ou ka wè klèman kiyès kèk moun ye, men pou sa li difisil pou asire w.
Chak moun gen moun pa yo chak moun gen yon defo diferan.
Moun ki twò bon an se yon moun sòt. Souvan moun konfonn jantiyès ak sòt.