Si w bezwen gen yon lòt moun tout bon se ak pawòl dous se ak pasyans pou genyen moun nan.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pèsonn pa renmen admèt yon move aksyon.
Sa ou t ap chèche nan lè a, ou jwenn li atè a.
Prèt la pa preche de fwa. “Mwen p ap repete – mwen pa moulen chou mwen de fwa.”
Lè ou pa gen anpil lajan, ou manje sa ou jwenn.
Nan jwe kat, tout pwen konte, men venteyen bat tout.
Sa ki pou yon chouèt, se pou yon lòt chouèt li ye.
Depi yon moun jwenn kichòy pou l manje li pap grangou ankò.
Lanmou yon manman se pou tout tan.
Ou aksepte viv nenpòt ki jan ak yon moun ki pwòch ou li rann ou nenpòt sèvis nenpòt lè.
Sa ki pa rive depi san lane ka rive nan yon sèl jou.
Lè gen yon moun ki pwòch ki ta fè yon bzgay ki mal li pa ta bon pou jete moun sa.