Ou dwe travèse maladi pou ou konprann gerizon. Eksperyans anseye apresyasyon ak sajès.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Po kabrit la pa ase pou kouvri tanbou a; Bouki ap mande yon moso pou li/pou l griye/pou l mete sou dife.
Lè yon moun derefize pran yon bagay nan men yon lòt se pa move bagay li fè.
Pwoblèm yon moun se pwofi yon lòt. cf. avoka, doktè
Ou pa ka anseye grann ou kijan pou l souse ze.
Lavi a tankou boul chen , li toujou ap gade dèyè.
Sèpan ki vle vin gwo, rete nan twou li. Pa foure bouch ou nan zafè ou.
Pa konte sou anyen twòp.
Lè w nan bon konpayi, sa gen avantaj li yo.
Je pa dan; dwèt pa kòn. "Pa jwe ak bagay danjere. Fè semblant se yon bagay ki trè danjere."