Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Enk…?
Lè poul la mare, ravèt la di l yon bagay oubyen de. Lè poul la mare, ravèt la pase l nan betiz. Lè poul la mare, ravèt la ba li lòd.
Pa gen anyen ki janm chanje.
Ou pa dwe mouche nen w pi wo pase nen w. Pa depase limit ou yo oswa aji pi wo pase pozisyon ou.
Moun ki toujou panse sa ki mal souvan nan erè. Pa fè tout moun konfyans.
Lè yon moun ap fè yon bagay fòk ou pran tan pou sa sitou le bagay la pi difisil.
Prese se yon bon bagay; ale dousman/fasil se yon bon bagay. Gen plis pase yon sèl bon fason. Ou fè l jan w vle , m ap fè l jan m vle.
Yon moun ki te gen fòs kon maladi frapel li pa ka fè sal te konn fè ankò.
Yon bèl antèman pa vle di paradi. "Yon bèl antèman pa vle di paradi."
Fason pou fè lajan pa janm gen pikan. "M ap andire nenpòt difikilte pou m fè lajan."
Avantaj kòk goumen an, se nan pwent li yo li ye. "Kòk ki pi feròs la se li ki pral genyen."