Ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm pou fè grandizè ak manje a.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
palan = abatwa. Menm si yo pa manje, yo toujou siviv byen - yo antann yo.
var: Bon kè krab fè l san tèt. ent: Yon moun ki twò onnèt (ki bay san limit) ka mouri pòv. <br>par: Se bon kè krapo ki fè l san tèt.
Manje ou renmen an, se li ki fè ou anfle.
Si kafou a pa bay moun pase, simityè a p ap jwenn kadav la. Si pwòp moun pa w yo pa trayi w, moun deyò p ap ka rive jwenn ou. Trafik la danjere nan kafou yo - si ou rive pase la, ou p ap gen danje. Kafou = Legba; Cimitye = Bawon Samdi .
Yon moun ki pa gen bon kontwòl pa rete kote moun ki konnen l.
Yon moun k ap griyen dan avèw k ap fè bèl jès sa pa vle di li avèw san pou san.
Se ti pa ti pa yon zwazo k ap fè nich li. Pridans ak detèminasyon.
Sè krikèt mwen, si m pa t di ou sa, kijan ou ka fè konnen?
Moun ki pa gen anyen pa pèdi anyen.
Li pi bon pou ou rete yon ti moun lakay ou pase pou ou rete yon grannèg lakay yon lòt moun.
Pawòl kenbe pou tèt ou pa gate amitye.
Santiman malere yo enkonpreyansib. Nou p'ap janm ka konprann kijan moun ki vrèman pòv yo reyisi siviv. Soti nan Tonton Libin