Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Manje ap gaspiye devan chen ki mare a, men chen ki lage a pa jwenn li.
Depi yon moun jwenn kichòy pou l manje li pap grangou ankò.
Moun ki gen yon sèl mwayen pou l sibsiste li pi fasil pou l echwe.
Anmède yon moun dou w ap wè sal peze se lew takinen yon moun w ap konn si l move moun.
Lè yon moun ap fè yon bagay li ta dwe fè sa pi vit avan l pi ta osinon yon moun ki gen ti mwayen pou l ta regle zafèl pa ti kras.
Genyen pa anpeche ou manke. Richès kounye a pa garanti pwosperite nan lavni.
Lè w nan lavil Wòm, fè tankou Women yo.
Gras a diri a, ti wòch la rive manje grès. Anpil moun jwenn avantaj ki pa t pou yo.