Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pi bon ou ta pile sou "Pa janm" pou ou / pou ou pa pile "Si m te sèlman konnen." "Ou ta pi bon evite yon bagay fè espre pase pou w regrèt ou te fè l pita."
Lè yon moun fè twòp piwèt li gen chans pou l echwe.
Fè yon gwo demonstrasyon pa fè ou onorab.
Ou ka rekonèt yon bon mason depi okòmansman, lè li fouye fondasyon an.
Blan pòv yo manje pen manyòk menm jan ak Nwa pòv yo.
Sa ou pa vle touche ak pye ou, ou manyen l ak men ou.
De moun ki entèlijan pa kapab gouvène menm kote osinon rete nan menm kay.
Sa ou renmen nan yon liv se pwòp refleksyon ou. Sa ou renmen nan yon liv se tèt ou.
Lè w konmanse nan travay ou jwenn mezi avantaj ou ka Jwenn osinon difikilte ou ka jwenn.
Gadmanje Bondye a toujou plen vyann. Pwovidans diven an abondan.
Yon moun ki panse jijman Bondye twò long epi k ap chaje jistis nan men lèzòm.
Ou di yon moun ou pa bezwen l se lè w depase kotew te ka gen bezwen moun nan.
Towo bèf k'ap gwonde a pa vin gra.
Ranmase yon 'wòch zèklè' fasil, men se mete l tounen sou/nan tè a ki difisil. "Li fasil pou enplike, men pou soti se pa fasil."