Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pwason an fè dlo konfyans, men se dlo a ki kuit li.
Kale kokiy kokoye a. "Tout sa w'ap fè a se pou granmesi." Pwovèb??
Ravèt la pa janm gen okenn dwa devan/li pa janm jistifye devan poul la. Fòs fè dwa. Ravèt = ti malere . Poul = lapolis ; moun ki gen mwayen wendè .
Lè w dòmi ou pa konn anyen de nenpòt sa k rive.
Lè yon moun kwè ke Bondye ka fè kichoy pou li lè l pa gen anyen ditou pa gen mwayen pou fonksyone.
Lòm pa anyen menm si ou wè l l ap fè granpanpan.
Sa ki rete kache nan kè m pèmèt mwen dòmi lakay mwen anpè. Kenbe pyèj ou fèmen, epi ou p ap nan pwoblèm.
Se foli moun fèb k'ap ri moun fò a.
Pou montre ke se fanm ki fè tout depans ki lakay.