Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Kasav kanni bon pou moun kay

Lè yon moun gen yon lòt ki vin kotel li triye tout bagay ki bon pou l yo ba li epi sa ki gen mwens valé li separe yo bay moun kay pa respè.

Mache chèche pa janm dòmi san soupe

Yon moun ki friapòt k ap chache zafè l ap jwenn ak zo grann li kan menm. “Moun k ap chèche yon bagay ap jwenn li.” OSWA “Si w ap chèche pwoblèm, w ap nan pwoblèm. Moun k ap mache pa janm dòmi grangou.”

Gade pa pwazon

Yo itilize pawòl sa a pou di yon moun ka gade nenpòt bagay ki pase devan je l