Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Sa se yon aktivite klopi klopan

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4710 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Sa se yon aktivite klopi klopan

Yon aktivite ki pa mache ni twò byen ni twò mal.

Lè manman nan kuizin, ou ranje kouvè

Lè mèt afè pala ou se sèl chèf gen espwa lè moun pa w nan aktivite.

Bourik chaje pa kanpe

Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.

Nan piwèt, lougawou kite jou bare l

Lè moun gen yon lè pou l fè yon bagay nan fè lòt aktivite li pèdi randevoul osinon li rive anreta.

Jako pa al nan lagè men li voye plim li ale

Yon moun ki pa ka ale nan yon aktivite li voye yon bagay li genyen pou sèvi lòt moun ki prale yo.