Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa gen anyen ki bay anyen.
Ou krache sou mwen; krache mwen an ap tonbe sou ou.
Yon moun ki pa vle gen pwoblèm ak yon lot fok ou pran anpil prekosyon pou sa pa ta fet.
Malantandi lakòz diskisyon.
Menm kay yon zanmi p'ap janm kay pa ou.
Lè yon moun ki antre nan levanjil li toujou ap fè sa ki pa bon yo li bay yon pawòl pou moun kwè nan li.
Pa kite aparans sipèfisyèl twonpe w. Bèlmè w ba w kalalou, pa kwè se manman w li ye.
Yon moun yo bay yon avetisman pou l pa fè yon bagay sil gen malè ki ka rivel.
Sirèt ou renmen an, se li ki fini ak lajan ou.