Di chaplè a pa nesesèman vle di ou se yon moun ki devwe.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou se yon kokoye, ou gen twa je, men ou pa ka wè ak youn.
Se nan fè jwèt timoun pwofite di granmoun sa k fè l ki mal.
Lè yon moun fè fè w yon bagay depase se posib sa ka rive vin anmède moun nan ki fè l la tou.
Si ou pa gen lang, ou pa manje. "Si ou pa mande travay, ou pa jwenn travay." Fè tande vwa ou.
Se piti, mwen piti/ Mwen jis piti/piti; mwen pa pitimi /“ milèt” san gadyen/fanmi pou pwoteje m. “Mwen piti, men mwen pa milèt pou sa.” Menm si mwen se yon ti nèg, atansyon!
Pafwa, li mande yon vant solid pou jwenn sa ou vle. Se pou ou dispoze sipòte malèz pou atenn yon objektif.
Yon moun ki pa bezwen achte figi yon lòt poutèt posisyon osinon pou sa li genyen.
Bagay yo ap vin pi mal toujou.
Yon nèg li te gen pwojè pou l reyalize li rive yon kote l ap santi kel regrèt li pa kapab kontinye.
Ou pa janm konnen ki lè ou ka gen chans.
De tèt pi bon pase youn. Entèdepandans imen . Imilite. Koperasyon esansyèl. Inyon pote fòs.