Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Bonbon ou renmen, se li ki gate dan ou

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #485 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Se de bon ki fè bonbon

Se de bon bagay ki fè boul sik la pi bon an. "De bon nèg fè ekip la."

Bondye se pa bonbon

Bondye bon, men li pa bon tankou yon moso sirèt.

Bonbon ou renmen, se li ki fè ou pòv

Bonbon ou renmen yo, se sa ki fè ou pòv/pa gen anyen.

Se lavil bonbon soti monte nan mòn

men siwo sot nan mòn lal lavil ~ Pa ta dwe gen diskriminasyon ant de gwoup sitou le youn itil lòt.

Bonbon ou renmen se ladan l lajan ou fini

Yon moun ki renmen yon bagay se posib l ap bal plis enpòtans sanmank jouk tan malè rivel.

Lè ou te wè de “B” a, ou konnen se te bonbon; toutan se te bat bounda

Sa ou te pran pou yon bon te yon move bagay.

Bonbon ou renmen, se li ki fini ak kòb ou

Sirèt ou renmen an, se li ki fini ak lajan ou.

Se lavil bonbon sòti monte nan mòn

Se nan vil la pi bon sirèt yo soti epi yo monte nan mòn yo/nan zòn andeyò yo. "Pi bon bagay yo soti nan vil la."