Kabrit ka sote tout sa yo vle; se devan dife a yo grate tèt yo.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè ou kout, sa pa vle di ou mwens gason.
Ou file kouto a; men atansyon ak dwèt ou!
Lè w gen pitit fi ou pa konn kilès ki ka vin antre nan ras ou.
Lèd men vivan.
Reflechi se pa vin gra. "Pa kontinye reflechi; ou pral vin mens."
Yon moun ki konn abitye fè yon bagay menm si l gen lontan pa fè l li pa fasil pou l bliye sal te konn fè a.
Sa montre ke se posib kèlkeswa yon moun kapab viktim.
Tout bon bèt yo lakay mèt yo. "Moun pa vann bon bèt."
Malere nan bezwen ki donk li pap fache pou lontan paske l ap difisil pou l jwenn sal bezwen an.