Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Pwovèb pa aza
← Tounen nan lis prensipal la
Wòch nan dlo pa konnen doulè wòch nan solèy

Wòch ki nan dlo a pa konnen doulè wòch ki nan solèy la/ke wòch ki nan solèy la ap sibi. Wòch nan dlo pa konnen mizè wòch ki nan solèy la. Pa gen okenn fason pou konprann doulè yon lòt moun nèt. Wòch nan dlo = gwo nèg . “ Moun ki gen lajan pa konnen doub moun ki mizè / wendè .

Nan move pa kabrit trennen bèf

Nan yon move kote/yon kote ki difisil, kabrit la trennen bèf la. "Nan sèten chemen difisil, kabrit la vin pi fò pase bèf la." " Pitit" malere kapab dirije piti yon minis.” wendè .

Ti kouto miyò pase zong

Yon moun ki pa gen mwayen egzat pou l realize yon pwojè epi li jwenn yon ti bagay tou pitipoul komanse fè l.

Dan mòde lang

Sa k rive nan konfli domestik - yon pati nan Tout la blese yon lòt pati nan menm Tout la..