Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Ou wè chen an ap montre dan l, ap fè grimas, ou pa panse li kontan.
Chodyè/bouyi ou pa mete sou dife a, ou pa retire li. "Pa foure nen ou nan zafè moun."
Legim rasin blan /yanm lan swiv/grenpe sou sipò poto a. "Disip la ap swiv egzanp mèt la mete devan l."
Si ou rete sou gran wout la, ou p'ap janm grangou.
"Se ti bagay yo ki konte."
Lè ou malere, tout bagay sanble ak ou. Lè ou atè, tout bagay sanble atè.
Bondye gen plizyè fason pou pini nou.
Pou evite tripotay chak moun w ap pale ak li dwe gen pawòl diferan.
Frape bèt la, men kenbe chay li. “Sèvi ak baton an pou bèt la, men ede l lè w kenbe chay ki sou do l la.” - men tcheke chay la. Pa fè twòp.