Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se moun ki viv yon bagayla se li k ap esplikew sa bagay gen ladann.
Y ap mennen Bouqui ale ak de bra dèyè do l, pou l ka peye dèt; li toujou ap negosye/fè maketing sou kredi ak pye l. “Mwen oblije mande kredi menm si mwen poko peye sa m dwe a – yon sitiyasyon sosyo-ekonomik.”
Se lè la fanmi fin jwen ak moun pa w jwenn se lè sa w ka bay moun ki deyò yon kichòy si se posib.
Fòtin chanje.
Vrè lanmou pa konnen danje.
Yon moun k ap soufri se li ki santi soufrans la poukont li.
Moun ki pi fèb la toujou nan tò.
Si ou rete sou gran wout la, ou p'ap janm grangou.
Yo pa janm vann sèkèy nan mache deyò a.