Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Si ou pa fatige travay, w ap oblije bay manti. "Si ou pa fè efò pou jwenn yon bagay, ou ka vòlè pou genyen l."
Si w ap tande pedandri yon moun wa bal gwo responsabilite li pa kapab fè.
Tank ou viv pi lontan, se tank ou gen plis lespri.
Medam yo pale twòp.
Anmède yon moun dou w ap wè sal peze se lew takinen yon moun w ap konn si l move moun.
Toujou gen rès rad lakay tayè a. Pou montre travay nan yon domèn se posib pou toujou jwenn kichòy lakay li.
Malè la pou l rete. Malè pa ale fasil.
Ou dwe pale tout koze san fè tripotay epi tout sa w ap di fòk ou pran prekosyon.