Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

📜 Rezilta rechèch pou “rasin”
← Tounen nan lis prensipal la
Pye feye pou rasin li

latanye a / pye palmye a pouse fèy pou pran rasin. "Tout moun enterese nan pwòp zanmi yo."

Yanm swiv gòl

Legim rasin blan /yanm lan swiv/grenpe sou sipò poto a. "Disip la ap swiv egzanp mèt la mete devan l."

Se kouto sèl konnen sa ki nan kè yanm

Se sèlman kouto a ki konnen sa ki nan kè yanm/legim rasin blan an. Nou dwe fouye fon nan yon bagay pou nou ka konnen l tout bon. Pa fè moun konfyans nan aparans sifasyal yo. Se sèlman nan eprèv lavi yo vrè kalite yon moun vin parèt aklè.

Pito dlo yanm grate ou, pase ou nan mizè

Li pi bon pou dlo rense ignname a ba ou gratèl, pase pou ou nan povrete. "Li pa dous pou ou pòv." REMAK: Igname a se yon legim rasin ki gen lanmidon, tankou pòmdetè. Youn nan varyete yo dwe byen rense paske li bay "gratèl".