Creole101 Logo

Pwovèb kreyòl ayisyen

Creole Proverbs

Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.

Premye pawòl se kaptenn zorèy

Pwovèb kreyòl ayisyen Pwovèb #4296 Creole101
🧩 Powèm nan menm tèm nan

Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.

Premye so pa so

Yon moun ki pran yon echèk e ki deside kontinye nan lit la.

Sonje premye lapli ki te leve mayi a

Yon moun yo vle raple premye moman yo kòman sa te bèl relasyon an vin dejenere.

Premye fòt pa fòt

Tout moun gen dwa fè yon sèl erè.

Fòk ou sonje premye grenn lapli ki te leve mayi a

Ou dwe sonje premye gout lapli ki te fè mayi a jèmen. Sonje kote tout bagay te kòmanse.

Sonje premye lapli ki te fè mayi leve

Sonje premye lapli a ki te fè mayi yo leve. “Ou panse ou pa bezwen m jodi a; sonje mwen te ede w rive kote w ye a.”

Se pa premye glas ki kraze nan gouvènman an

Se pa premye fwa sa rive.

Ou montre makak voye wòch, premye moun li kase tèt, se ou menm

Ou montre/anseye makak la kijan pou l voye wòch, premye moun li kase tèt la, se ou menm. Yo vire konesans ou te ba yo a kont ou.

Premye kouche gen kabann

Ale dòmi bonè, jwenn yon kabann.