Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kiran Jayaram 2014.
Fanm tankou kokoye: yo gen twa je; yo wè nan youn. Fanm ka fasil pou twonpe. Lanmou avèg.
Yon moun ki renmen yon bagay se posib l ap bal plis enpòtans sanmank jouk tan malè rivel.
Lè poul la mare, ravèt la di l yon bagay oubyen de. Lè poul la mare, ravèt la pase l nan betiz. Lè poul la mare, ravèt la ba li lòd.
Lè yon gwo bri ap kouri toupatou li gen pou yon jou sa fini poukont li.
Lè yon moun ap fè frekan li ka fè w kèk bagay ki mal osinon li pansew pap janm anyen se lè sa w di pawòl sa.
Toujou gen yon moun la pou pwofite malè nou.
Move timoun nan, moustach li pouse nan simityè a.
Yon moun ki ap fè wè epi ki tonbe nan pyèj li pa ta dwe tonbe.