Ou wè jodi a; ou pa konnen demen.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon fwa ou di "piti," ou pa ta dwe di ou pa prezan. Yon fwa ou angaje w, ou dwe respekte angajman w.
Nonm ki soti Gine a ap konte lajan nan pòch li. Yon moun ki konsyan de finans li.
Lè yon moun derefize pran yon bagay nan men yon lòt se pa move bagay li fè.
ponpadò = obstine
Depi yon moun jwenn kichòy pou l manje li pap grangou ankò.
Li pi bon pou pèdi po a pase pou pèdi ti bèf la.
Lè gen youn fòk gen lòt la tou kote ki gen byen ap gen mal la tou.
Yon moun yo konnen ki visye epi k ap yeye yon bagay kel renmen yo pa bal siveye l.
Sa ki pa mete sou kote/ki pa konsève, pa ka chofe. "Moun ki pa konsève manje pa ka manje."
Konesans pi gran pase richès.