pa janm ase!
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Dòmi pa okouran de mizè.
Lè w te pouvwa ou pa t kapab fè anyen, se pa lè w pèdi l ou ap di sa k dwe fèt oswa sa w ka fè.
Nou dwe ede moun ki gen twòp chay. (or) Nou dwe ede moun ki gen pwoblèm.
Tout sa ki klere/briye pa lò.
Se pa tout machandiz ki dwe peye dwa ladwann.
Lapli a pa janm pote sa Bondye sere pou ou.
Yon moun ki pa bay lòt moun twòp enpòtans nan sa l ap di ak nan sa l ap fè.
Si w bezwen gen yon lòt moun tout bon se ak pawòl dous se ak pasyans pou genyen moun nan.
Yon moun ki gen anpil kòb lè l mouri yo pa bal lajan pou l ale.
Kouri pou/akoz lapli; tonbe nan dife. Soti nan mal pou vin pi mal. Soti nan chodyè a nan dife.
Chak fwa chwal la voye w jete, se la pou w kase/antrene l.