Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Dòmi ak = rete tou pre.
Yon aktivite oubyen yon pwojè ki gentan lanse pa dwe rete nan wout kelkeswa difikilte l ta rankontre.
Maladi a vin sou ou/nou sou chwal; li kite ou/nou sou do bourik .
Plat la ale lakay kiyè a, kidonk kiyè a dwe ale lakay plat la tou. Resipwosite nan relasyon yo
Tout bon bèt yo lakay mèt yo. "Moun pa vann bon bèt."
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Poul la kaka atè pou l sal kòk la.
Si ou chita ou tande; si ou mache ou ap wè.