Se pa fanm ki gouvènen nan peyi mwen an.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Se sèlman rès manje mwen ka sèten se pou mwen. Tout sa mwen ka sèten m ap jwenn se sa pèsonn lòt pa vle.
Lè yon moun gen yon lòt ki vin kotel li triye tout bagay ki bon pou l yo ba li epi sa ki gen mwens valé li separe yo bay moun kay pa respè.
Yon moun ki fè yon bagay epi ou santi se pa moun ki fè l nan konpòtmanl.
Gen moun sòt ki pi gran pase lòt moun sòt. Gen degre foli ki egziste.
Si ou pa t ap fikse m, ou pa t ap remake mwen t ap fikse w.
Se moun ki tonbe malad.
Engras fè moun sibi repwòch. “Moun engra yo menm ap sibi pwòp repwòch pa yo.”
Eskreman poul blan yo pa ze. Aparans ka twonpe moun.
Chak chaplèt gen kwa pa li. Nou tout gen pwoblèm pa nou.