Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa mache ap fè sa lòt moun ap fè sèlman.
Chodyè/bouyi ou pa mete sou dife a, ou pa retire li. "Pa foure nen ou nan zafè moun."
Si li pa fè mal, li kapab gen yon leson oswa yon byenfè ladan l. <br>Yon lòt ki sanble avè l: Tout sa k pa bon pou youn, li bon pou yon lòt.
Nenpòt bagay ki an kantite pa janm bon. Kantite pa janm yon endikatè kalite.
Yon moun ki gen pwoblèm pa anpeche lòt moun kontinye chimen l kòm sa dwa.
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Bondye gen plizyè fason pou pini nou.
Se pa pou yon ti zo mwen dwe rann omaj a yon chen. Pa rabese tèt ou.
Yon moun ki ap fè wè epi ki tonbe nan pyèj li pa ta dwe tonbe.