Chak ensèk nuizib gen kote pa l pou l repoze. Si yon moun pran plezi deranje lòt moun, yon jou l ap pran l.
Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Li pa osi move jan ou panse a.
Jodi a se jou pou nou ale nan rasin pwoblèm nan.
Aprè yon yon moun fin genyen yon bagay li pap janm twò difisil pou li.
Gen plizyè fason pou manje manyòk anmè pou l pa touye w. Gen plizyè fason pou rezoud yon pwoblèm.
Lè gen traka mizè ak soufrans pa gen fèt pa gen griyen dan.
Lè yon moun rete twòp ap gade sa fè tanta montel li ka achte kredi.
Tout bagay gen yon fen.
Krapo a fache; li mouri san dèyè li. “Ou panse pòsyon pa w la te twò piti; ou ka rete san anyen!”
Yon moun ki manke pran nan yon gwo bagay se posib li ka tonbe nan menm bagay la ankò.
Yo atann twòp.
Lè w presipite, ou ka fè anpil erè.
Menm sa ki rivew la ka rive lòt la tou.
Yon moun ki pa bay yon jistis ekitab yon pati pi privileje pase yon lòt.
Lè yo pa renmen w, y ap kreye pwoblèm pou ou.