Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Lè liks ap monte, bon karaktè ap diminye.
Lè kèw kontan fòk ou pa lage kò w nèt fòk ou veye pou yo pa fè la dènye sou ou.
Patiraj la/ranch lan se pou Wa a, bèf la/vach la se pou Wa a. "Yon twazyèm moun pa gen anyen pou l di sou sa."
Chak moun gen wòl pa yo nan lavi a. Tout moun ap chache yon enferyè pou yo ka bay lòd. Yerarchi.
Yon moun dwe konnen kijan pou l kenbe plas li. Pa eseye monte pi wo pase pozisyon li nan lavi a.
Mezanmi! Gade kòman Lorisa chita ap joure bòs Dival non! Bòs Dival ki mete l lekòl. Li menm ki manje Lorisa, li menm ki bwè l, li menm ki biye l! Epi koulyeya, se joure Lorisa ap plede joure l. 'Gen mèsi chyen se kout baton'. Jouman ki rekonpans bòs Dival nan men Lorisa.
Granmoun nan pa ka mete rad ou yo, men li ka manje manje ou. Nòt: –Yon endikasyon yon granmoun bay yon timoun.
Pa mete tout ze ou yo nan yon sèl panyen.
Moun ki gen yon bon vwazen se yon moun ki gen chans.
Lè ou pa gen sipò, pa kòmanse yon kont.