Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Sa ki pa rive depi san lane ka rive nan yon sèl jou.
Sa esplike ke yon moun dwe preparel gen kèk le li difisil pou w devlope jan ou ta vle.
Genyen k ap fè frekan ki di yo konnen men gen lòt ki pi konnen pasel.
Yon bon ranplasman pou bouyi se griye.
Si ou gen yon bagay, ou pa gen yon lòt.
Pito w gen yon bagay ou pa renmen olyew pa gen anyen ditou.
Yo pa ka achte yon moso manman nan mache a. Lanmou manman pa pou vann.
Yon moun ki renmen yon moun tout bon li pa bezwen konnen si moun nan pòv ou si l rich.
Kanna a pa t ap janm ka viv san tèt li, men tèt la pa ase bon pou mete sou tab la. Peyizan an—ki endispansab—pa ase bon pou yo prezante l nan bon konpayi.
Sa ou renmen nan yon liv se pwòp refleksyon ou. Sa ou renmen nan yon liv se tèt ou.