Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Yon bagay ou prete nenpot lè yo ka vin chachel nan menw poutet sa ou pa dwe konfyew menm nan bagay moun.
Sa ki pou ou se pou ou. Ou ka sèlman konte sou tèt ou.
Bat nan yon ritm pi rapid se byen, men sa ki konte se pran devan.
Anmède yon moun dou w ap wè sal peze se lew takinen yon moun w ap konn si l move moun.
Menm Bondye gen yon madichon sou li, E yon pòv chen tankou mwen?
Moun ki dòmi avèk Jan se li ki konnen ronflman Jan.
Sirèt ou renmen an, se li ki gate dan ou yo
Lè yon moun nan afè pa bon w ap wè si li bon moun osinon lè moun nan devan yon sikonstans w ap wè si l pap tonbe.
Mwen pa janm bay chen pantalon, pou tèt pa m.
Viv ak reyalite, pa ak rèv.