Bèl aparans pa vle di ou sen pou sa
Pwovèb kreyòl ayisyen
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Kèk lòt pwovèb kreyòl ayisyen ki ka sanble ak pwovèb pi wo a.
Aparans twonpe. Sa ou wè a pa toujou sa ou jwenn.
Se yon pwovèb ki egzòte w pou pa pran nan aparans.
var: Jan chat mache, se pa konsa l kenbe rat. ent: a) Pa gade sou aparans. (Aparans ka twonpe w.) b) chyen sa a, pa okipe l. Li pa p jape w; men, se yon chyen k mòde antrèt!
Pou evite yon moun pa pran nan aparans li menm si li gen bèl prestans.
Pou egzese yon bagay ki reyel osinon pou esplike sa yo rele aparans la.
Yon moun ki bèl ki anfòm sa pa vle di li pa malad se pou pa ta pran nan aparans.
Lè yon moun fè yon bagay pou moun ka apresye l sa pa dire lontan.