Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Pa atann mwen pou m ranplase w lè move moman yo. Lè bagay yo te bon ou pa t gen tan pou mwen.
Lè w dòmi ou pa konn anyen de nenpòt sa k rive.
Nèg ki gen pouvwa yo nan menm sous youn pa ka kraze lòt men youn ka ba lòt presyon.
var: Moun ki ba ou konsèy achte cheval plenn nan sezon lapli, pa ede w nouri l lè dizèt.
Pa kite moun koupe zèb/move zèb anba pye ou. “Pa kite moun fè ou bite/rale tapi anba pye ou.”
Jis yon ti erè ka lakòz dezas.
Yon moun ki abitye fè yon bagay depil kwense l ap degajel kanmenm.
Yon moun ki pa konn li sa pa vle di li se yon voryen.
Lè yon moun ki ta dwe chèf li nan difikilte pou l egzèse pouvwa chèf li youn li ta dwe dirije ap fè l leson.
Lavi a se tankou yon kòd sandal; ou pa ka konte sou li.