Pwovèb kreyòl ayisyen
Creole Proverbs ✨
Plis pase 6000 pwovèb an kreyòl ayisyen, eksplikasyon ak tradiksyon an 4 lang. Chak fwa ou tounen, w ap wè pwovèb ki pi popilè yo ak kèk nouvo pou dekouvri.
Gen kapasite avèk kapasite; gen yon kapasite ki depase kapasite. Toujou gen yon pouvwa ki pi fò.
Pa bay bèf la mizo pandan l ap rale kabwa a.
Si ou gen yon bagay, ou pa gen yon lòt.
Mò kite dèt pou vivan.
Chat la konnen, rat la konnen; barik mayi a rete la. Lè youn ap veye lòt la, pa gen anyen ki vòlè. Pa mande, pa di.
Chak travay gen moun espesyal ki pou fè l ou gen dwa fè l li pa bon osinon li pa bon pou w.
Manje lakay yon moun/yon lòt moun pa janm plen vant ou.
Frape pandan fè a cho.
Flatri ap mennen ou tout kote.
Pou esplike lajan pa gen baryè l pa franchi pa gen sal pafè pa gen moun li pa fè mache.
Si yon moun di w l ap fè w yon bagay konnen l gen plan nan tèt li deja.